About Us
Kiyes nou ye?
Nouvo Pwogram Finansyè a kòmanse!!!
Kiyes nou ye?
Misyon HYEL se bay kou anglè a jèn kap viv Ayiti ou aletranje ki dezire kominike e konekte ak sosyete Anglofòn nan.
Nou kwè ke tout patisipan nou yo ap reyisi paske nou ofri yon abyans pou ankouraje yo.
Kominote nou genyen sou WhatsApp la defann slogan nou kise Ann Aprann Ansanm.
Nan objektif pou plis moun pale e ekri anglè byen, HYEL te pran nesans nan lane 2020. Kòm aprann yon nouvo lang mande tan e disiplin, nou bay opòtinite pou plis moun vin aprann lang lan ansanm.
Nou ofri tan ak konesans nou pou tout moun ki entèrese. Deviz nou pa chanje, nou ap kontinye fè menm travay la e envite lòt moun ki vle ede patisipe nan misyon an.